Top Songs By Opak MNG
Credits
AUSFÜHRENDE KÜNSTLER:INNEN
Opak MNG
Künstler:in
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Ronald Merisier
Songwriter:in
PRODUKTION UND TECHNIK
Don Beatz
Produzent:in
Lyrics
Mwen m chwazi pale blesi nanm kote yo wè sa ridikil
Di moun k ap tande m pran swen mantal li otan de fizik li
Nan met limyè sou blesi m yo
Konbyen frè sè ki konfye m ke mizik mwen an jis mete mo sou resi l yo
Donk m se reprezantan on jerenasyon ki konprann ke
Sa yo di l la se pa vre sansibilite pa feblès
M se reprezantan on bann moun ak lavi konplike
Anfouraye tankou koli pèdi yo voye pa fedex
M te bay tout bagay vag pou m tante briye ou boule
Navige sou on rèv rapè ki te gen plis chans pou l koule
Donk m se reprezantan on jeresayon k ap kreye
Ki jwenn dlo pou awoze desten l sèlman lè l ap kriye
Sa e pou sa abis nan vi yo atenn apojel
Pou sa k ap vann kè kontan men k ap touche a dlo je l
Pou sa k nan mitan kakofoni ap mennen konba an silans
Pou sa fènwa ap koutize tankou pou yo l gen atirans
Sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
Pou nanm brize menm jan avè m yo
Sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
Pou nanm brize menm jan avè m yo
M te pwomèt karyè m 4 lane m kenbe pwomès mwen
4 lane depi fè pwezi e komès mwen
Alabaz plan e te vin avoka oubyen sikològ
Men lè mank mwayen frape pòt opòtinite l pito lòk
Donk m se reprezantan tout sa k ap goumen pou sa l kwè
Tout sa k kenbe limyè l menm lè dezespwa ap goumen pou sal kè l
M se reprezantan san adrès yo
Sa K ap ofri lòt frechè menm lè vi pa yo konparab a byè cho
Sa e pou sa k biza yo sa pèsòn pa konprann yo
Sa k chwazi ret yo menm pou pèsòn pa konfonn yo
Sa e pou sa k pèdi yo nan chache tèt yo
Pou sa k ap konsève lapè ak lòt nan klache tèt
M toujou bay tout mwen nan chak tèks nan chak mo chak konsè
Toujou g on mon istwa m k ap trennen nan chak konsèy
Donk sa e pou tout sa k ap tante ofri mye ke sa yo jwenn
Pou sa k ap bay lòt tout yo menm pandan se sèl sa yo gen
Sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
Pou nanm brize menm jan avè m yo
Sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
Pou nanm brize menm jan avè m yo
Lyrics powered by www.musixmatch.com