Music Video

Gwotèt - M ap chache chimen m feat Ange Carla x Opak MNG (Visualizer) | E si sa ta rive
Watch Gwotèt - M ap chache chimen m feat Ange Carla x Opak MNG (Visualizer) | E si sa ta rive on YouTube

Featured In

Credits

AUSFÜHRENDE KÜNSTLER:INNEN
Gwotèt
Gwotèt
Rap
Ange Carla
Ange Carla
Stimme und Gesang
Opak MNG
Opak MNG
Rap
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Jean Donald Gilot
Jean Donald Gilot
Songwriter:in
PRODUKTION UND TECHNIK
Pablo Lucas
Pablo Lucas
Produzent:in

Lyrics

Jounen yo pa pot solèy Kou diogène mwen pran balèn mwen Map chache wè kotem ye Map chache vrè chimen mwen Chèche konn rezon m la Avan foli a pase pran m M vle wè kote map met pye m Pou m ka sispann kase dan m M ap trase plan lavi m Ak on kreyon ki pa gen gòm Erè m yo etènel Rezon m fè on sèl ak tò m Sou vizaj mwen ou ka wè Jan sousi yo anpil Rezon ki fè m ap goumen Rezon ki fè m paka fui Tankou Moïse m devan on lanmè Ak yon Mic M espere wè chimen an Avan m ale kou Money Mike M espere fè papa m fyè Du coup geri kek plè Pou lè m ap pot non papa Mwen swete m ap gentan prè Tan pase vre Men anpil vid pa konble Dans la foulée Anpil pwomès pa kenbe Lè w fè chwa pou w mache Li se on risk tou pou w tonbe M deside kite zèl mwen deplwaye Vanzemare Menm si sa ta rive van pa soufle Solèy pa leve Nap kouri jis kaske Kap lavi n rive moute E si sa ta rive kouri a Ta mennen bouke Nap mache jis kaske Zèl nan dom rive deplwaye Vole eee Tèt an avan chwal sele Bak pèdi nan fon dlo Pa gen kote pou vwa I sere Nan bouske n al prete Chalè kay seren Kanson mare Pa gen kote pou bwase ren Nou grandi nan fè pèt Nou konstwi sou petèt Nou konn sa k rele lè vi a san gou Nap tann jou I koupe dwèt Pay nan men n nap fèl fè chapo Avan tan koupe tèt Kanpe goumen pou sa n renmen Nou pran I tankou I te dèt Volonte n enfini Pa chache konte I Menm sa k mete n nan kouri an Nou ap mache kontre I Nap pase obstak la kanmenm Menm sin pa ka eskanpel Limit diyite n pa nan pòch Donk ou pap ka eskontel Si van sispann soufle Nap fè ekip a mabouya Mantalite brasè N ap fè potri a labou a Gide sa k ap swiv nou Tankoun te responsab on kasik Lè vap rakante istwa n Li aret kòm yon klasik Menm si sa ta rive van pa soufle Solèy pa leve Nap kouri jis kaske Kap lavi n rive moute E si sa ta rive kouri a Ta mennen bouke Nap mache jis kaske Zèl nan dom rive deplwaye Vole eee Nap tchenbe rèd Nou pap moli Nap tchenbe rèd Nou pap moli Nap tchenbe rèd Nou pap moli Nap tchenbe rèd Nou pap moli
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out