Lyrics

Pral gen gwo koze gwo talk
Gwo testikil gwo kòk
Rete atantif m vin ban on poul ki klè tankou dlo kòk
Wi m gen 2 nesans
Album sa son renesans nou pral tandem komsi’n pat janm konnenm mete kas poun fè konesans
Lot la fwi kon Ariel
Gen achiv pou fèmen karièl
HMI tann kabrit la fin antre kounya’l vle fèmen Baryèl
Pa gen dout sou fiti a
Nou daso pou piti a
Dayè bandan Traka la kolang**t manman nou pou kil ti a
Map toujou fè nou Malonèt
M konnen nou pa onèt
Isi a se Bilbord konn tan nou bann ti rapè kamyonèt
Siw vle defini pi fò pi fò se mwen
Pa chache pi fò ke mwen
Yo tout sanblem pi fò se mwen
Genyen’k vle fò ki fòse mwen
Se kèm ki pwòp ki fè se mwen
Se kopye twòp ki fèw se mwen
Eskizem m patap tounnen se Chinwa yo ki fòse mwen
Olye nou atake mwen kenbe ke mwen pou’n ka briye a ke mwen , e nou tout temwen , ke se mwen , se te mwen , rete mwen , e ke mwen , redwi rap a ke mwen , byen ke mwen , wote mwen , yap reve yo te mwen , map fè yap fè tankou’m e yap pratann yo fèl pi byen ke mwen
Hum hum sa Traka genyen
Magou’y sou magou’y men yo paka genyen
Gad gwosè on moniman manman papa genyen
M te sa yo pat bezwen m vin sa yo paka genyen
Nan chak punch m ofansew
Pi wap bif pi wap anfonsew
Se mwen’k te kreyew m konn pansew
M fin fè abi m konpansew
Ou pranw pou advèsè men wap jwe pou mwen se mwen kap rekonpansew
M gen plizyè vi map viv an france e map viv nan pansew
Gen resif pa fonse
Album nan anonse
M fè yo kanpe ap fè tout sam fè pandan map avanse
Map teavay sou retrèt
Yap travay pou vin tankoum
M efase idantitel m fèl bliye tel li
Poul ka viv tankoum
Quand il s’agit de pi gran saw référé a se mwen’l tap refere
M pa atis ou prefere men atis ki baw atis prefere
Kounya ke chak chyen chache ti zo pal
Nenpot sak jape ap jwenn mizo pal
Tout sam manyen tounnen lò men depiw twò engra wap tounnen krizokal
HMI nou an sal m pat vle nou sal mwen m ret nan pivom
Genie toujou incompris donk poun konprann mwen m te ret nan nivo’n
M pa vin poum rete m just vin rantabilize sak depanse a
Yo te pansem pa tap reyisi mwen m reyisi sam te panse a
Inaccessible kon Pablo Picasso
Map vyeyi Map pran valè tankou on tablo Picasso
Valeur inestimable Pablo Picasso
Chak pwojè son chedèv relem Pablo Picasso
Written by: Duvert Wendy
instagramSharePathic_arrow_out