Lyrics

dèfwa m konn ap mandem pou ki m te egziste menm wè son peche se nan m mwen map kondane dèfwa konn ap panse gèlè m te mande m vinn paka konprann depim fèt map maltrete m paka konprann mwen a sak sal knfann mwen m konn dòmi kay moun jozyo pèdi fè tout sou mwen lèm leve pyem piwo fò se zotèy mwen frape lèm fè plis atansyon se lè sa m pral antrave sak pa bon pou mwenl sanble se frès ke manjandre menm si m byen komanse pi devan mal m pral rankontre sèl sa m toujou reve menm si ou wè map drive si ou wèm poko ere se jou pam nan poko rive (refren)2 menm ou menm tou menm ou menm tou menm si ou wèw lite lite lite lite jou kouw sou ou vle konnen ou dwe konnen pa bliye echèk se ti frè rekomanseeee lèw rate on okazyon an kitel ale ou pa konn pou ki m pa vlew fòse anyen se malis ki konn bouki lè jou paw la rive ou pral mande eske se ou pèsòn pap pote ale sa destine sere pou ou yon grenn kouri kitew pa gon dizèn kap vin kontrew yo plis veye erèw men jamè panche sou bontew lèw wè l pral pi fè nwa konn se lè sa li pral jou lè problèm yo vin anpil dèyè li pral delivrans ou ou swetem suksè pwogrè legzose kounya w fache m fè on jan m kiltive sajès m byen kontan m pa diw fache mizè inonde vim kounya gad kotel ban mwen se mwen kap chache respèm pèsòn pa tap potel ban mwen (refren)2 chak jou ou te la ak yo(2) yo pat wè valèw yap ret tann sèlman kilè pou yo ri nan malèw kounya yap regrèt ou kounya yap regrèt ou pa abandone reeseye lèw tonbe aprann leve reeseye yap vin pou dekourajew se mefye yo se ou ki pou oryantew se reveye (refren)2 ou menm kap soufri soufri avèk pasyans sa desten pote pou ou pèsòn pap ka potel ale
Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out