Top Songs By franco love federo
Credits
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Franck Bellevue
Songwriter:in
Lyrics
Yon talan k kòmanse depi nan lakou benè,Yon ti nèg tèt grenn gwo vant,yo te bay ti non sak pay
Men dwat anba zèsèl goch chante kay madan masèl,moun kap pase ap bay
A laj de 10 ans mennenl pòtoprens,nan kamyon madan sara tankoul tonw komès,lagel nan òfelina kay Pastè Lisyen
M pat espere anyen de lavi koz li pat fèm promès
Mannik leve nan premye jou
Mizik levanjil dim bonjou
Se depi la m fè konesans ak bon mizik
Ak òfelen parèy mwen map fè konkou bon lirik
Map dim se haitian buju,Lòt la dil se Black alex
Si pa gonw vwa Samy b konn Djazz la paka alèz
Pasons!
15 zan aprè lari pranm
De mwen lavim pral depann
M pa gen Fanmi djòl mwen fann
E nèg jèn gen foli fanm
Anpil tan pase,nou te pasyante ap tann mwen lage ooooo
Se premye e dènye,apresye ooo
Sa sonw Lòt chapit nan istwa m pral pale de HMI
Sak di k tap kanpe avew,pi devanw wè e te may
Kou karang yo pran fil yo lagew poukòw
Pou ka ret chè pou yo,fòw pa jwe pou kòb
M wè desten pat fè wout pou mwen m t'oblije trasel
Poum pat bay mizèm nan près m toblije pasel
Imilyasyon yo du pou mwen m toblije bat avèl
Sak fin itilizem pi devan k deklare k pat avèm
Wap fè tout djòb sal nan kizin,sou tab ou paka prezante
Fèw kwè tout bagay sonw mistè,menm Yon sponsor yo pap prezantew
Sou tout pakou a m jwenn traka ou pata di se mwenk wenndy a
Gen ti istwa m ta rakonte hmm pitom kite sam tap di a
Se gras a Bondye m konn ekri,e plim mwenk banm zèl
Kifè defwa lavi cashap mwen e menm banm zelle
Mantre nan gran lakou san di respè ni lonè,malerek pa gonw gd ak karaktè milyonè.
Written by: Franck Bellevue