Similar Songs
Credits
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Richard Noel
Songwriter:in
Lyrics
M' pase règ mizè m
Pou m' rive la
Se sèl regrè m
Si sa ta fini la
Menm yon zanmi lekòl
Ki pase wè m
W'ap bay tchòbòl
Met nan tèt ou m' avè l
Depi maten
Ou leve figi w' mare
Ou byen move
W'ap mal trete m
Fache avè mw pou nenpòt ti bagay
Chak jou m'ap pase tray
Depi m' pale ak yon gason ou di l' se nèg mwen
Pa akize m
Sa ki nan lespri w' la se pa sa l' ye bb
Pa akize m
Sa ou met nan may ou a se pa sa l' ye tande
Ou itilize tout fason
Met pwoblèm antre nou san rezon
Prèske pase tout tan n' nan fè teyat
Ou fè m' pase pou rat
Ou menm w'ap jwe wòl chat
Depi n' renmen
Mw ba ou tout kontwòl mw
Sa pa sufi
W'ap fè m' soufri
Fache avè mw pou nenpòt ti bagay
Chak jou m'ap pase tray
Depi m' pale ak yon gason ou di l' se nèg mw
Pa akize m
Sa ki nan lespri w' la se pa sa l' ye bb
Pa akize m
Sa ou met nan may ou a se pa sa l' ye tande
Pa akize m non
Mezanmi
Baby m' pa gen pou m' kite w
Ni m' pa gen nan plan m
Yon jou pou m' blese w
Lajan ou aparans p'ap fè mw twonpe w
Fò w' sispann ban m zen pou rans
Cheri ban m' tèt mw hoooo
Ban m' tèt mw
Pa gen rezon pou fache
Ban m' tèt mw
Pa gen rezon pou joure m
Lajan ou aparans p'ap fè mw twonpe w
Fò w' sispann ban m' zen pou rans
Cheri ban m' tèt mw hoooo
Ban m' tèt mw
Pa gen rezon pou fache
Ban m' tèt mw
Pa gen rezon pou joure m
Pa akize m' non
Lyrics powered by www.musixmatch.com