Top Songs By Roody Roodboy
Similar Songs
Credits
AUSFÜHRENDE KÜNSTLER:INNEN
Roody Roodboy
Künstler:in
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Roody Roodboy
Songwriter:in
Lyrics
Mmh, mmh-mmh
Ou-eh, ou-eh
Ou konsidere l tankou on ti prens chaman, li ka ba w lò ak dyaman
Li peye tout bill, take care finansyèman, men w pa erez reyèlman
Malgre w ouvè kè w ba li, li toujou ap twonpe w
Malgre respè w gen pou li, li toujou ap blese w
Chak tan l fin fè w kriye, annapre l pote flè
Bèl pawòl fè w bliye, tout mal li te konn fè w
Li toujou kite w n on kwen pou l al banbile
On dal soufrans ke w ap andire
Ak zanmi w l ap twonpe w, moun ki pi mal pase w
Se maleng nan k ap anpire
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Eksperyans sa, fè w wè lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe
Sa w ap viv la, fè w wè lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe
Lè l nan lari li p ap reponn apèl ou
Menm si l online, li p ap reponn mesaj ou
Ou pa priyorite l, franchman pito w kite l
Li k enfidèl poutan se li k pi jalou
Plen bon nèg k ap file w, ou kite youn ap imilye w
Chak tan l nan vi w l ap itilize w, lè l ak lòt fanm l ap minimize w
Se pa paske l gen lajan pou l ba w ki fè li gen dwa pou l maltrete w
Ou s on fanm vanyan fò w ka reprann dwa w, fò w pa kite pèsonn rabese w
Chak tan l fin fè w kriye, annapre l pote flè
Bèl pawòl fè w bliye, tout mal li te konn fè w
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Ou merite plis ke sa, plis ke sa, plis ke sa-ah
Eksperyans sa, fè w wè lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe
Sa w ap viv la, fè w wè lajan pa lanmou, lajan pa lanmou bebe
Written by: Jean Haspil Ulysse, roody petuel dauphin