Listen to Mizè n Pou Kont Nou (feat. Nickenson Prud'Homme, Ti Lunèt, Herve "Shabba" Anthenor, Harold St. Louis, Olivier Duret, Cadelouse Pierre, James Pierre, Eddy Francois, BLONDEDY FERDINAND & Clemay) by Ti Tanbou

Mizè n Pou Kont Nou (feat. Nickenson Prud'Homme, Ti Lunèt, Herve "Shabba" Anthenor, Harold St. Louis, Olivier Duret, Cadelouse Pierre, James Pierre, Eddy Francois, BLONDEDY FERDINAND & Clemay)

Ti Tanbou

World

6

Featured In

Credits

AUSFÜHRENDE KÜNSTLER:INNEN
Ti Tanbou
Ti Tanbou
Künstler:in
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Ricot Amazan
Ricot Amazan
Songwriter:in
Yves Valbrun
Yves Valbrun
Songwriter:in
Nickenson Prud'Homme
Nickenson Prud'Homme
Arrangeur:in
PRODUKTION UND TECHNIK
Mardoché Noel
Mardoché Noel
Produzent:in

Lyrics

POU AYITI PI BÈL
Mizè n poukont nou
Mizè n poukont nou
Limyè a tenyen tenèb ap taye banda
Men ayiti wap leve doubout
Rasin yo tankou tritri anba pyew
Lapli viktwa ap benyenw Anko
Anmweyy pèp la rele anmweyy
Anmwey pa mache pou yo
Ouwo pèp la mande sekou
Li mande sekou
Anmweyy pèp la rele anmweyy
Pagen pèsonn ki Ala bri
Ouwo pèp la mande sekou
Sekou pa janm rive
Fi n pran endepandans nou kòm premye pèp nwa
Gen sa n te okipe gen sa n tal ede fè konba
Pou yo se yon insult
Yap fè n peye grandè n konnya
Simen pwav nan mitan n
Pou yo nou paka antann
Anmweyy pèp la rele anmweyy
Anmwey pa mache pou yo
Ouwo pèp la mande sekou
Li mande sekou
Anmweyy pèp la rele anmweyy
Pagen pèsonn ki Ala bri
Ouwo pèp la mande sekou
Sekou pa janm rive
Ak tout rezon m nan men m mesye map di n sorry
Pou tout mal ak byen nou fe map di n mèsi
Lè map kòde anba chal nap dekòde yeah
Epi nap di n zanmi m mòde soufle se sa nap fe
Nou pa bezwen anpil pou nou viv
Pitye pou yon pèp Kap bat dlo pou fe bè
Tanpri lanmou kouvri peyi sa
Pou van movèz fwa sispann Taye banda
Nou pa wè ri pave tounonw jadin
Sou grand rue bisiklèt paka woule
Men nan kisa nou pran la
Konnya lekol ouvri pou 3 mwa
Ti moun yo nan vakans pou 9 mwa
O Men nan kisa nou pran la
O O O Nou rive nan yon Kafou
Moun paka manje ti moun ap kriye
It's time to make a change
Sa bay dlo nan je li lè pou n delivre
Ase ase ase ase ase ase
Kraze fèt fen dane
Sen Valentin pa egziste
Lavi etidyan tounen on lanfè
Kanaval pase an anba pye
Monte chodyè se lux
Menm kafe moun pa ofri moun Ankò
Si nou ta rejwen souri n avèk vakans dete
Manmi cheri pitit trayi etranje ap rejwi
Mwen sonjew, ou sonjem tou
Men nostalji lage'n nan gwo twou
Ou te fè n nan lespwa Pou n
Te Mete Plis valè sou valèw
Men elas mèt bitasyon an pavle wè w
Mizè nou pou kont nou
Men Viktwa se nan noul ye
Nou fi n tounen zo ak po
Nan fòse kase poun grandi
Bèl pawòl toujou fè nou di
"Lespwa fe viv"
Ipokrizi se pi gwo zam mòtèl
Nou genyen Kap detwi nou
1804 se pat yon jwèt
Sete zafè grandèt
Kote zansèt te fe tèt kole
Sou yon bout tè sakré
Lè a rive Pou n reveye n
Espwa peyi n nan men n li ye Aya yo
Mizè n pou kont nou
Pa gen lòt peyi ka p vinn ede n
Mizè n pou kont nou
Se nou k pou pran konsyans ak tèt nou
Mizè n pou kont nou
Mizè n pou kont nou ou
Mizè n pou kont nou
Mizè n pou kont nou
Yo fel envivab pou pitit li depestel
Lè nou pati yo pran Plezi pou depòte n
Fe n bliye valè tèt nou san nou pa rann kont
Nou se rezèv ekonomi yo
Mizè n pou kont nou
Pa gen lòt peyi ka p vinn ede n
Mizè n pou kont nou
Se nou k pou pran konsyans ak tèt nou
Mizè n pou kont nou
Mizè n pou kont nou ou
Mizè n pou kont nou
Mizè n pou kont nou
Written by: Ricot Amazan, Yves Valbrun
instagramSharePathic_arrow_out