Featured In

Credits

AUSFÜHRENDE KÜNSTLER:INNEN
Baky
Baky
Künstler:in
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Baptista Lugendy Saintibert
Baptista Lugendy Saintibert
Songwriter:in
PRODUKTION UND TECHNIK
Baptista Lugendy Saintibert
Baptista Lugendy Saintibert
Produzent:in
Jadd
Jadd
Produzent:in

Lyrics

Tout nèg gen zam, tout nèg gen gang Tout manch gen bal Tande son Dwèt yo frajil (2 fwa) Tout blòk nan gè Likilik Beng Beng (3 fwa) Beng Gad sa nèg yo f on peyi Si zam bay pouvwa Konn nenpòt chèf leta gen yon chèf gang ki pi wo ke li Yeah Konnen m ka pa rantre chak maten lè w wè m kite kabann Lari gentan konn konbyen kòb ou pran depi avan w menm kite labank Gè anwo, gè anba To kidnaping nan ogmante Se fizi k bay nèg yo manje Menm piti kounya yo danje Yo pa mache poukò yo mache ak klan E w ka ap tire sou youn nan bal li pa pran Tout moun gen zam So m ka di lè w nan bif pi gwo nèg la se nèg ki rale avan Nèg yo chaje antèn yo konn kiyès pou suiv Yo konn kilè w antre yo konn kilè w soti So depi yo vle pran w yo konn kilè l posib S ou wè n tande tire epi w wè n pa kouri Se just bri bal pa fè n pè paske depi n tande l sa vle n pa mouri Tout nèg gen zam, tout nèg gen gang Tout manch gen bal Tande son Dwèt yo frajil (2 fwa) Tout blòk nan gè Likilik Beng Beng (3 fwa) Beng Pou n te pran pouvwa nou t ap kreye bandi So kounya nou responsab dega yo Lè geto pale w pa tande y ap panse se sèl zam ki ka fè n tande vwa yo Si yo kidnape w y ap mande w valè kòb ke w pa ko wè nan vi w pou ba yo (Men kot letaa) Leta? Bon menm leta gen gang pa yo Job politik tounen sal job Plak ofisyèl tounen paspò Bri bal pran plas klaksòn Nèg yo g on chèf gang nan chak zòn (Chak zòn) Lè youn fè mò yo kriye viktwa Se pa de twa inosan k ap tonbe lè gen de gang k ap goumen pou teritwa Isit nèg yo nan misyon man Nèg yo fin leve gè anndan geto kounya yo pa ka jere kriz la man Si yo pa ka kanpe l depi kounya pi devan l ap pi tris nan men n Nou di m pa al jwe lè gen yon bandi k rele m pa vre Èske n ap vin chèche m lè gen yon bandi k leve m? Tout nèg gen zam (nèg yo gen zam) Tout nèg gen gang Tout manch gen bal Tande son Dwèt yo frajil (2 fwa) Tout blòk nan gè Likilik Beng Beng (3 fwa) Beng
Writer(s): Baptista Lugendy Saintibert Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out