Lyrics

Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse serye wi OK OK nou pral woule wi la Pa vinn di m ou pa konsène Se peyi a ki an danje Mezanmi fò'n chita pale Chita pale Kraze brize a fò' l kanpe Kote timoun yo pral Rete Lè peyi nou an fi'n kraze Fi'n kraze Pèp la ap dòmi nan fè nwa Nèg yo ranse Dine an blan sou pil fatra Nèg yo ranse Gouvènman ap fè sinema Nèg yo ranse Yon pakèt goud pou yon dola Nèg yo ranse Woy, Woy, Woy Kite peyi'm mache Woy Woy Woy Mesye sispann betize Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse Bon ti mesye, ti mesye slowedòp, nou pral pale ak nèg yo tande Menm si nou pa pale Pa vle di' n egare Pa nan kraze brize Pou'n kwè sa pral chanje Pitit nèg yo a letranje Pitit pèp la pa edike Nèg yo ranse Nèg yo ranse Pran lajan petwo karibe Epi pran pòz manifeste Nèg yo ranse Nèg yo ranse Resous peyi ap gaspiye Jovenel pa ka bay pèp manje Nèg yo ranse Nèg yo ranse Pèp la ap dòmi nan fè nwa Nèg yo ranse Dine an blan sou pil fatra Nèg yo ranse Gouvènman ap fè sinema Nèg yo ranse Yon pakèt goud pou yon dola Nèg yo ranse Dirijan nan pla men boujwa Nèg yo ranse Fè braslè pou 20 mil dola Nèg yo ranse Politisyen nan maji nwa Nèg yo ranse Tout vagabon bezwen pouvwa Nèg yo ranse Woy, Woy, Woy Bay pèp la aksè lasante Woy, Woy, Woy Tout sitwayen dwe ka manje Woy, Woy, Woy Fòk tout pitit nou edike Pèp la ap dòmi nan fè nwa Nèg yo ranse Dine an blan sou pil fatra Nèg yo ranse Gouvènman ap fè sinema Nèg yo ranse Yon pakèt goud pou yon dola Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse Nèg yo ranse serye wi
Writer(s): Gregory Precilien Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out