Credits
AUSFÜHRENDE KÜNSTLER:INNEN
Zenglen
Künstler:in
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Zenglen
Songwriter:in
Lyrics
Ye-ye-eh
Ye-i-ye-eh-i eh
Lanmou sa lou
Lè l vle l glise kou kalalou
Nan prese vale
Dèfwa m pa menm pran gou l
Ke m gen tò, ke m gen rezon
Mwen mande padon
M fin fè gwo kòlè
Aprè, tout sa l vle, m fè
Yon lanmou ale vini
Men m twouve m nan siveye fi
Lè l soti, pa gen dòmi
Tann m ap tann pòt la louvri
Mmmh-mmmh, ye-eh
Lanmou sa pa nan rans
Gad jan li lage m san defans
Manti ou verite
Tout sa yo di m, m pa wè, m pa tande
Zanmi, pawòl pa pou ou
Sa k te di m tonbe damou
Pito m t achte l ak dola
M pa t met tèt mwen nan traka sa
Yon lanmou ale vini
Men m twouve m nan siveye fi
Lè l soti, pa gen dòmi
Tann m ap tann pòt la louvri
Zenglen
Lifetime guarantee
Tout tan
Cheri
Si w pa ka pote m, pa trennen m
(Woy-woy, woy-woy)
(Woy)
(Woy-woy, woy-woy)
(Woy)
(Woy-woy, woy-woy)
(Woy)
Tankou kafe anmè ke m ap fòse bwè
Kòmsi m t ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m ap fè, chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Tankou kafe anmè
Ke m ap fòse bwè
Kòmsi m t ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m ap fè, chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Nan kisa m pran la
Lanmou sa s on kouran EDH
Pa konn kilè y ap bay, kilè y ap pran l
Se pandan w ap pran ti filing
Epi yo koupe l sanzatann
It's like a heart beat skip
It's like a one-way trip
I feel like taking chances
I feel like going crazy
Tankou kafe anmè (crazy)
Ke m ap fòse bwè (crazy)
Kòmsi m t ap dòmi je klè (crazy)
Yon bann vye rèv m ap fè, chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Tankou kafe anmè
Ke m ap fòse bwè
Kòmsi m t ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m ap fè, chache paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Nan kisa m pran la
Lanmou sa tankou EDH
Pa konn kilè y ap bay, kilè y ap pran l
Se pandan w ap pran ti filing
Epi yo koupe l sanzatann
It's like a heartbeat skip
It's like a one-way trip
I feel like taking chances
I feel like going crazy
Crazy, crazy, crazy
(Woy-woy, woy-woy)
(Woy)
(Woy-woy, woy-woy)
(Woy)
Zazou
Pale avè l pou mwen non
(Woy-woy, woy-woy)
(Woy)
Writer(s): Jean Brutus Derissaint
Lyrics powered by www.musixmatch.com