Top Songs By Madmax
Similar Songs
Credits
AUSFÜHRENDE KÜNSTLER:INNEN
Madmax
Künstler:in
KOMPOSITION UND LIEDTEXT
Madmax
Songwriter:in
Lyrics
Yeah yeah... ohwohh...
Humm...
Yeah yeah... ohwohh... oooou
Cheri ann' f'on konkou lanmou, pou n' konpare santiman nou.
Pa janmè ba w' kout ba, jwenn on nèg tankou m' ra.
Prè pou met pye nan dlo pou ou, pou m' pwoteje fwaye an nou.
Map fè wè to ou ta, love pam' nan depase paw' la.
Yeah.
Depi lè nou renmen jiska no jou, m' pa janm derespekte ou.
Vwa pou m' leve men sou ou, se toujou ti cheri doudou.
Men m' vin konprann paske lèn' fin renmen n' t'ale legliz.
Nou t'al di Bondye men koup la pou l' beni l' pou nou pliz.
E pou kriz
De tou sorte pa vin bay pwoblèm.
Men lè on moun konn istwa relation sa lap di s'on powèm
Ki ekri sou parchemin sincérité, caresses, tendresse
Plus sagesse, ki sèvin' catalyseur lèn' nan detrès.
Oh! m' telman gatew' m'pa janm kitew' al achte kulòt.
Poum' pa twonpew' m'pa janm' machande, non m'pa mande pri lòt
Fanm. Pou ta sèvi w' matlòt oubyen pèsekite w'
M'tèlman renmen w' fò m'ta mouri jou m'ta panse kite w'.
Cheri ann' f'on konkou lanmou, poun' konpare santiman nou.
Pa janmè ba w' kout ba, jwenn on nèg tankoum' ra.
Prè poum' met pye nan dlo pou ou, poun' pwoteje fwaye an nou.
Map fè wè to ou ta, love pam' nan depase paw' la.
An an!
Mw gade sa gwo, lè w' fè m' bliye si m'te pran on kout pitit.
Sa fè m' wè sa w' vo, lè w' ba l' yon tretman tankou tout pitit.
Ou s'on fanm sèvo, nan kopòteman w' pa janm gen kritik.
Mwen m'te plen defò, avèw kounya pesòn paka di tuit.
Ou tèlman jerem byen, yon konn menm mande si s'on prens.
Se tank'on jeremyen, pwezi m'fè pou ou pa bagay mens.
Ou g'on konpòtman ekitab
On fanm toutbon e ki fyab
Anyen pou ou pa neglijab
Avè w' dwèt mwen pap pran nan pens.
Nan tout sa w'ap fè, ou toujou vle fèm wè ou renmen m' plis, fè m' sipriz
Nan konkou lanmou sa se sou mwen w' pran priz.
Paske se mwen ki te file w'
Kajole w', chouchoute w'
Songe lè m'te mande w' maryaj, sa t' etone w' ou te tou friz. yeah.
Ouuuuu...
Ou toujou nan kè mwen
Men se Bondje ki te mete w' sou chimen mwen.
Map toujou renmen w'.
Oooo. o baby babyyy yeaeah.
Cheri ann' f'on konkou lanmou, poun' konpare santiman nou.
Pa janmè ba w' kout ba, jwenn on nèg tankoum' ra.
Prè poum' met pye nan dlo pou ou, poun' pwoteje fwaye an nou.
Map fè wè to ou ta, love pam' nan depase paw' la.
Oooh. mwe renmenw, mwen emew, mwen emew... yes babyyyy...
Fen.
Written by: Maxime Madmax Erassaint