Letras

(Famous Studio) toudoup-toudoup
Tadap-tadap
Toudoup-toudoup
Tadap-tadap
Yon eksperyans
Ki kite kè brize
Fè yon jou m deside di m p ap pran lanmou oserye
Fè rezistans
Pa t vle avantire m
Chak fwa mwen rankontre lanmou, m te anvi lage pye m
Men depi m fin kontre w (kontre, oh-oh)
Anverite m chanje lide (oh-oh-oh)
Ou geri kè blese m (blese, oh)
Ou fè m ap souri san rete (oh-oh-oh)
Wi, ou chanje m
Ou debake, w okipe lespri mwen
Ou ban m lanmou lannuit kou lajounen
Lavi m nan men w, cheri, fè sa ou vle
Lavi m nan men w, cheri, fè sa ou vle
Ou pranm ak dlo nan je, ou met lajwa nan kèm
Lontan, yo te jete m, jodi, ou remonte valè m
Cheri, nan lavi m ou se pi bèl kado
Pou ou, tout zanmi m mèt rele m mawozo (oh-oh)
Ou fè, ou fè nan vi m sa lòt moun pa t janm fè avan
Fòk ou ta anndan kè m pou m ta konprann jan w enpòtan
Dèfwa, mwen konpare w (konpare w)
Men m pa ka ranplase w
Si Bondje pa t kreye w
Anverite, m ta envante w
Ou debak, w okipe lespri mwen
Ou ban m lanmou lannuit kou lajounen
Lavi m nan men w, cheri, fè sa ou vle
Lavi m nan men w, cheri, fè sa ou vle
Ou chanje lavi m
Mwen pa regrèt mwen te kontre w
Dèfwa, m anvi rele
Mande Bondje kote w te ye
Anmwe, oh-oh (anmwe)
Anmwe, oh-oh (anmwe)
Men se avè w pou m ta ye pou m ta konprann kisa k lanmou
Ou chanje lavi m
Mwen pa regrèt mwen te kontre w
Dèfwa, m anvi rele
Mande Bondje kote w te ye
Anmwe, oh-oh (anmwe)
Anmwe, oh-oh (anmwe)
Men se avè w pou m ta ye pou m ta konprann kisa k lanmou
Anmwe, oh-oh
Anmwe, oh-oh
Men se avè w pou m ta ye pou m ta konprann kisa k lanmou
Written by: Mandela Jean francois, Mandelaofficial
instagramSharePathic_arrow_out