Letras

Yo yo yo yo yo Ou pa renmen'l vre Its Roody Roodboy Fantom eklate Nèg k'ap bwè avè'w k demake lè yo pra'l manje Atè pou'n mete yo Nèg kap vi'n ba'w baz sélman'w gen pou depanse Atè pou'n mete yo Moun k antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete Atè pou'n mete yo Se mwen, se yo... Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi gaspiye'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite moun itilize'w Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi detounen'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite zanmi'wyo devye'w Pa pale an parabòl M'pral vin dwat sou verite a Nèg k'ap ba'w j'approuve la Se li menm pou evite a Yo rele'w boss Yo rele'w baz Yo rele'w patron Kou lajan'w fini granmèsi chyen an s'on kout baton Fò'w maton mete tèt ou sou zepòl ou Y'ap pale de pwogram jamè yo pap pale'w de lekòl ou Lè'm nan pwoblèm mizè'm pou kò mwen Lè'm gen afè'm Kite'm jwi li pou kò mwen Nèg k'ap bwè avè'w k demake lè yo pra'l manje Atè pou'n mete yo Nèg k'ap vi'n ba'w baz sélman'w gen pou depanse Atè pou'n mete yo Moun k antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete Atè pou'n mete yo Se mwen, se yo... Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi gaspiye'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite moun itilize'w Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi detounen'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite zanmi'w yo devye'w Ou pa renmen'l vre Y'ap pran'w pou tou piyay pou toujou bay Y'ap lave men ou Use ou tankou kobay si'w pa met may, enbyen frè'm men ou Pou yo fòk sant mize a ta toujou ret anba nen ou Lè'w te genyen ou tonbe, menm frè'w ka di li pa konnen ou Fòk tèt ou la, se tèt ou dabò, gen trèt tou abò, fè byen se fwèt Lè'w gen y'ap avè'w, y'ap rele mèt Y'ap ba'w tout pawòl pou blanchi'w nèt Egzanp, mwen menm ki la m'te gen disip ke Jezi Kris Moman kalmi yo m pat wè yo youn, yo t'ap viv nan mond jidayis Travay Bondye fè'm ret nan menm, je'm vinn louvri m'wè s'ak t'atè yo M'klete pòch mwen, gen sa'k te pwòch mwen, m'dekouvri k'te eksplwatè yo Alèkile pa gen zanmi ankò, gen defandè enterè M'tou pale'w fòk tèt ou la, pou devan'w pa tounen dèyè'w Eklate Menm Bondye di pa met konfyans nou nan lòm Se s'ak fè mwen pran mizè mwen pou kò'm M'veye m'priye m'fè kòmsi pa sou bò'n Letènèl m'ap priye li pap janm kite'm pou kò'm Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi gaspiye'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite moun itilize'w Fòk tèt ou la frè'm Pa kite zanmi detounen'w Fòk tèt ou la sè'm Pa kite zanmi'w yo devye'w
Writer(s): Roody Petuel Dauphin Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out