Letras

Èske w renmen mwen?
Èske w renmen mwen vre?
Ou te mande m si m te vle w nan vi mwen
M te reponn ou ke mwen pa konnen
M apresye w e mwen vle w
Se de bagay mwen pa ka nye
Men m gen blesi k poko sikatrize nan le pase
Men m pap pèdi lespwa, non non non
M ap redi w li yon lòt fwa
Si tu es la femme pour moi,
Mwen renmen mwen damou w e mwen vle konnen
Èske w renmen mwen? Konvenk mwen
Èske w damou mwen vre?
Èske w prè a fè sakrifis lanmou mande? Èske w prè a fè sakrifis
Èske w renmen mwen? Konvenk mwen
Èske w damou mwen vre?Èske w damou mwen
Èske w prè a fè sakrifis lanmou mande?
Ou te mande m kisa k lanmou pou mwen
M te reponn paradi ak lanfè
S on solèy midi ven ki fè fleri jaden nanm mwen
Lè flè sa yo mouri ou konn soufri tou
Men m pap pèdi lespwa, non non non
M ap redi w li yon lòt fwa
Si tu es la femme pour moi, si c'est toi, si c'est toi, (Who-ho-ho)
Men konpa
Epi ede m chante
Yo te di sa pap mache, poutan m te pèsevere
Mwen konn sa lanmou mande, mèt tout ògèy sou kote
Mwen gen chans jwenn lanmou fanm sa a
Trete l tankou bijou fanm sa a
Li s on cadeau du ciel fanm sa a, fanm sa a
Gen moun ki kwè nan lanmou, Sen Toma mande si n fou
Mwen s on temyen l egziste, men pa mande m sèmante
Mwen gen chans jwenn lanmou fanm sa a
Trete l tankou bijou fanm sa a
Li s on kado du ciel fanm sa a
And I'm the luckiest man alive
Yo te di sa pap mache, poutan m te pèsevere
Mwen konn sa lanmou mande, mèt tout ògèy sou kote
Mwen gen chans jwenn lanmou fanm sa a
Trete l tankou bijou fanm sa a
Li s on cadeau du ciel fanm sa a, fanm sa a
Gen moun ki kwè nan lanmou, Sen Toma mande si n fou
Mwen s on temyen l egziste, men pa mande m sèmante
Mwen gen chans jwenn lanmou fanm sa a
Trete l tankou bijou fanm sa a
Li s on kado du ciel fanm sa a
And I'm the luckiest man alive
Pye l chape, li tonbe li tonbe li tonbe se
Berto ba yo kòd
Written by: Florus Bélanger
instagramSharePathic_arrow_out