Lyrics

Wouj Wouj Wouj Zizirit la Tou wouj Tout obstak yo, n pat kanpe, menm lè n pèdi moun nan wout la Albòm Jiskobou montre w ke nou pa pèdi gou bouch la Tout jwè nou yo te sou sa, menm sa ki te sou bann touch la Toutfwa match la ta sere, Fred Hype p ap chanje taktik sa Fanatik ki krezi ki renmen pran plezi, ann rele viv BC san n pa fè bri (Oh, oh-oh-oh, oh, oh-oh-oh) Sa k vle di viv Jezi, Groove sa s on maladi, ki kote li soti? Nan BPC (Oh, oh-oh-oh, oh, oh-oh-oh, eklate) Avèk albòm nan nan mondyal, yo ba n legen, n twò fò Kounye a se on sèl bagay n ap tann, s on mikwo dò Pa gen dispit palmarès paske n toujou devan Sa m renmen anndan ekip pa m nan, mwen gen bon avan (toup) Izolan nan point d'attaque la, l ap skore moun (zoup) BPC kanpe dèyè m (wouy!) l ap wonfle moun Flèch 1, flèch 2, nou toup pou yo Piblik la mande anraje, pou n met pou yo Peyi a te kanpe Ayisyen te pwouve l Lòt nasyon aksepte l Fanatik rasanble Tòg mwen dwe pi move MC ap motive BC rete soude Pou Rap Kreyòl triyonfe (Toup pou yo) nan tenpan yo nou lage hit la (toup pou yo) N anpenpan, nou tou bat ekip sa a (toup pou yo) Nou te gen plan pou n te bat ekip sa a (toup pou yo) An lagan nou leve defi sa a Wè sa n te fè pandan twa jou (eh) Tout moun te mete gadavou Yo di yo gen on sèl randevou (eh) Foli yo se Barikad Crew Avan n te vann 5000 CD (eh) De minit, segonn pa pase (eh) Tout mouchwa yo pou nou leve (eh) Lè nou wè BC ap rive (eh) Li lè, li tan pou nou konfyan, pou medizan kapab konprann Se nou k pi bon, nou konn bon jan Pou bon son, men leson Sa s on don N ap toujou plis strong Ayisyen, èske nou prè pou nou travay (an n ale) Ann karese rèv siksè nou san n pa batay (ann avanse) Nou deside nan men yo nou p ap ka pran may (pa gen sa) Fò n met barikad pou tout moun k ap pran piyay (sou Ayiti) (Yo echwe!) Depi nan vestyè, ekip la ap chofe Men nan men, teren n ap monte Match pral kòmanse, piblik la ap rele Balon santre, chema taktik pral devlope Yon ti pas agoch, yon ti pas adwat, nan kan nou prale (zoup) Bèl ti pas fant janm, n ap pike devan, kanmenm fò n make (zouzoup toup) Deja, n konnen jenès la ap kare Nou gen plis fòs, granmoun yo echwe (Toup pou yo) Nan tenpan yo nou lage hit la (toup pou yo) N anpenpan, nou tou bat ekip sa a (toup pou yo) Nou te gen plan pou n te bat ekip sa a (toup pou yo) Anlagan nou leve defi sa a Wè sa n te fè pandan twa jou (eh) Tout moun te mete gadavou Yo di yo gen on sèl randevou (eh) Foli yo se Barikad Crew Avan n te vann 5000 CD (eh) De minit, segonn pa pase (eh) Tout mouchwa yo pou nou leve (eh) Lè nou wè BC ap rive (eh) An bon djega, si s on femèl, m ap zouptchoup pou li Etanke jeneral, s on azizwèl, m ap fout toup pou li (kow!) Menm lè w tande toup, s on defoulman, pa gen vye jès Se men nan men pou nou fè wout, si w s on brigan, fè kò w fè S (wi) Di advèse m nan, m veye anwo, m veye anba l Ban m ti teren gwo kan, gen jwè k pou faire percer la balle Mete gan w prè, se pa de pwen ka pral bay boul la M pa kwè w ap ka kanpe (chata!), depi sou premye chout la (gòl) Lajenès nou p ap sispann pwoteje (mete) Nan tout, gen move tak, fò n evite gwo blese (anh-han) Nan pran plezi panse avèk edikasyon L ap bon pou mwen, pou ou, pou li pa mande plis eksplikasyon (respekte) K-tafalk, Dade, Deja-Voo, n ap toujou sonje nou Ak tout lot zanmi ki tonbe tou N ap kenbe BC pou tout tan gen tan (Gen sa? Maestro Zizirit pi rèd Jiskobou, men nan men (yes) Pou Ayiti ka bèl) 1, 2, 3 pase (toup) Ekip sa a mande anraje (toup) Fanatik si nou chofe N ap fè toup devan, toup dèyè, toup adwat, toup agoch (toup) Nou se towo nan Hip Hop la, lè n ap bòs (bòs) Se nou ki met nivo Rap Kreyòl la nan on lòt pòs (pòs) N ap flow, thanks God ki ba nou fòs (fòs) Bravo ak lajenès ki fè yon nòs (nòs) On my People (Ayiti) El fenomeno (BC) Nou krezi pou yo (anh-han) Nou pot plezi pou yo (BC) Souke bra yo, mayo (zoup) Vlaw, vlaw (anh-han) Mouchwa ou drapo (toup) Flaw, Flaw Nou se towo nan Hip Hop la, lè n ap bòs (bòs) Se nou ki met nivo Rap Kreyòl la nan on lòt pòs (pòs) N ap flow, thanks God ki ba nou fòs (fòs) Bravo ak lajenès ki fè yon nòs (nòs) On my People (Ayiti) El fenomeno (BC) Nou krezi pou yo (anh-han) Nou pot plezi pou yo (BC) Souke bra yo, mayo (zoup) Vlaw, vlaw (anh-han) Mouchwa ou drapo (toup) Flaw, Flaw Match fini
Writer(s): Cedric Casseus Lyrics powered by www.musixmatch.com
instagramSharePathic_arrow_out